6, Rue Des Lattes, Hinche, Haïti | + 509 3999 8289 secretariat@diocesehinche.org

«Moun ki mete espwa yo nan Granmèt la, ap mache san yo pa janm dekouraje »
(cf. Izayi 40, 31).
Frè ak Sè nou yo nou renmen anpil,
1. Se pou kè poze ak favè Bondye Papa nou ak Jezikri, Granmèt nou an, rete avèk nou jodi a ak pou tout
tan !

2. Soti nan dat 26 pou rive 28 novanm lan, Nou menm, Evèk Katolik yo an Ayiti, nou te òganize 142èm
Asanble Òdinè nou. Nan finisman Asanble sa a ak nan kòmansman Tan Lavan an, nou voye mesaj
ankourajman sa a pou nou. Se yon mesaj ki jwenn enspirasyon li nan pawòl pwofèt Izayi ki di : « Moun
ki mete espwa yo nan Granmèt la ap mache san yo pa dekouraje, san yo pa janm febli » (cf. Izayi 40,
31). Pawòl sa yo te gide lapriyè nou yo ak refleksyon nou yo sou lavi Legliz nou an ak sitiyasyon
difisil peyi nou an.

3. Pandan n ap prepare nou pou n selebre fèt Nwèl la, fèt nesans Sila a ki pote delivrans pou tout moun
sou tè a, je nou rete fikse sou li pou nou kapab jwenn konsolasyon, fòs ak kouraj pou nou kontinye
mennen bon konba a. Konviksyon sa a fè nou renouvle volonte nou pou nou toujou akonpaye pèp la
nan mitan tout soufrans ak kalamite li yo.

4. Nesans Sovè a se yon Bon Nouvèl pou tout moun Bondye kreye pòtre ak li (cf. Jenèz 1, 26-27). Bondye
sa ki tounen Moun nan envite nou reflechi anpil nan yon moman kote peyi nou an ap travèse gwo
pwoblèm. Anpil fanmi ap viv nan yon mizè ki rèd anpil. Mete sou sa, vyolans fè moun pa kapab viv
tankou moun. Anpil moun lage san kay epi san espwa. Gen granmoun ki abandone, ki gen kè sote ak
lapenn, paske yo pa gen kapasite pou yo fè fas ak yon reyalite konsa. Jèn yo ak timoun yo gen anpil
enkyetid pou avni yo, yo anvi dekouraje. Sitiyasyon makawon sa a se rezilta vyolans, kòripsyon ak
move fason y ap mennen bak peyi a.

5. Pawòl Bondye ki tounen moun pou bay moun diyite li kòm pitit Bondye pouse nou pran an
konsiderasyon reyalite malouk sa yo. Konsa, Nou menm, Evèk Katolik an Ayiti, nou te di semèn pase
yo kijan tout sa k ap pase nan peyi a twouble nou epi fè nou mal. Kounye a ankò, nou lanse yon apèl
bay tout frè ak sè nou yo pou nou di nou : peyi nou an danje, nou nan ka. Devan gwo malè pandye sa
a, se pou tout aktè ki nan sosyete a rive depase divizyon ak konfli pou sove peyi a. Poutèt sa nou
mande :
a) Moun ki gen zam nan men yo k ap touye, k ap piye, vyole, boule epi fè moun pati kite kay yo,
sispann ak vye zak malonèt sa yo. Vye zak sa yo pa bon ni pou peyi a, ni pou pèp la, ni pou
nou menm k ap fè yo.
b) Moun k ap fè mesye-dam sa yo jwenn zam ak bal an kachèt yo, sispann alimante vyolans avèg
sa a k ap fè san koule nan sosyete nou an chak jou.
c) Otorite Leta yo, chèche travay nan enterè tout moun olye nou sèvi pwòp enterè pa nou ak enterè
pati nou. Kontwole dwan ak frontyè yo, pò ak ayewopò yo, ni prive ni piblik, pou bloke trafik
zam ak minisyon ilegal k ap antre nan peyi a. Fini ak pwoblèm ensekirite a antan n ap chèche
bon mwayen pou retire zam nan men timoun, nan men jèn ak granmoun ki pran nan toubiyon
vyolans la. Reponn, san pèdi tan, a bezwen moun ki deplase yo. Travay pou bay tout viktim yo
jistis. Retabli lòd ak lapè.
d) Kominote Entènasyonal la, sonje pwomès ak angajman nou yo pou nou ede Ayiti soti nan
bafon vyolans ak izolman li ye a. Fè tout sa nou kapab pou zam ak minisyon ilegal sispann
antre nan peyi a. Popilasyon sa a ki lage pou kont li a dwe ka konte sou solidarite lòt Nasyon
yo.

6. Tout gason ak fanm nan peyi a, n ap di nou : malgre tout sitiyasyon malouk sa yo, se pou nou kontinye
mache san nou pa dekouraje. Se pou nou tout tounen temwen lesperans. Chak Ayisyen, chak Ayisyèn,
kèlkeswa kondisyon li, gen yon wòl pou jwe nan transfòmasyon peyi a. Nou ankouraje nou chèche
pratike lapè nan fanmi nou yo ak nan kominote nou yo. Patisipe nan tout desizyon k ap chèche
solidarite, edikasyon ak sansibilizasyon pou lapè. Sen Pòl di nou : « Si yon sèl manm kò a ap soufri,
tout lòt manm yo pran soufri ak li » (1 Korentyen 12, 26).

7. Fèt Nwèl la fè nou sonje Bondye vin tounen moun nan mitan nou. Konsa, Bondye leve diyite lavi chak
moun byen wo, li fè li san parèy. An nou chèche renmen li nan chak frè ak chak sè nou yo. Volonte
Bondye se pou nou chèche «fè tout sa nou kapab pou chak moun reprann fòs ak asirans pou gade avni
an ak yon lespri lib, san paspouki, yon kè ranpli ak konfyans epi yon entèlijans ki wè klè» (Pap
Franswa). Se sa Tan Lavan an mande nou, li menm ki mete nou sou wout pou nou ale nan gran Jibile
2025 lan. Pap Franswa ap ouvè Jibile sa a nan Lamès 24 desanm k ap vini an nan vil Wòm. Nan dis
(10) Dyosèz nou yo, nan peyi a, n ap ouvè Jibile a dimanch k ap 29 desanm nan sou tèm « Pèleren
Lesperans ».

8. N ap swete tout moun yon Nwèl 2024 ak yon Lane 2025 ki pote sekirite, lapè ak renmen. Ak konkou
lapriyè Manman nou, Lavyèj Mari, n ap mande Bondye tout gras ak benediksyon li pou nou tout Pèp
Ayisyen an.

Mesaj sa a soti nan Kay kote Evèk Katolik peyi Ayiti yo konn reyini, Lilavwa, jou ki te 5 desanm 2024
la.

Monseyè Max Leroy MESIDOR
Achevèk Pòtoprens
Prezidan CEH

 

Monseyè Pierre André DUMAS
Evèk Ansavo ak Miragwan
Visprezidan CEH
(an konvalesans)

 

Monseyè Joseph Gontrand DECOSTE, SJ
Evèk Jeremi
Sekretè Jeneral CEH

 

Monseyè Désinord JEAN
Evèk Ench
Ekonòm CEH

 

Kadinal Chibly LANGLOIS
Evèk Okay
Konseye

 

Monseyè Marie Erick Glandas TOUSSAINT
Evèk Jakmel

 

Monseyè Launay SATURNE
Achevèk Okap Ayisyen

 

Monseyè Willy ROMELUS
Evèk Emerit Jeremi

 

Monseyè Quesnel ALPHONSE, SMM.
Evèk Fòlibète

 

Monseyè Sander LOUIS-JEAN
Evèk Oksilyè Pòtoprens

 

Monseyè Yves Marie PEAN, CSC
Evèk Gonayiv

 

Monseyè Wismick JEAN-CHARLES
Evèk Oksilyè Pòtoprens

 

Monseyè Charles Peters BARTHELUS
Evèk Pòdepè